Accessibility links

Breaking News

Ayiti Foutbòl: Ki Avni Seleksyon Nasyonal la Apre Eliminasyon l Pou Mondyal 2014 la ?


Ayiti Foutbòl: Ki Avni Seleksyon Nasyonal la Apre Eliminasyon l Pou Mondyal 2014 la ?
Ayiti Foutbòl: Ki Avni Seleksyon Nasyonal la Apre Eliminasyon l Pou Mondyal 2014 la ?

Federasyon Ayisyèn Foutbòl la ap fè demach pou òganize eliminatwa koup DiGICEL la, nan peyi Dayiti nan maw janvye 2012 la.Li posib pou “Grenadye” yo ta jwe kek match amikal ak lòt ekip nan CONCACAF la kap prepare yo pou semi-final eliminatwa Brezil 2014 la.

Prezidan Federasyon Ayisyèn Foutbòl la, Dr. Yves Jean-Bart, ki ranplase Jack Warner pou yon ti bout tan nan tèt Inyon Karayibeyèn Foutbòl ap fè demach pou òganize eliminatwa koup DiGICEL la, nan peyi Dayiti nan maw janvye 2012 la. Dr. Jean-Bart ki te nan syèj FIFA nan vil Zirick semèn sa a pou yon reyinyon travay pwofite itilizye enfliyans li pou wè si l ka konkretize pwojè sa a.

Manadjè seleksyon Ayisyèn Foutbòl la, Jean-Roland Dartignave, di Lavwadlamerik, Dr. Jean-Bart ap fè demach sa yo pou anpeche seleksyon an kraze apre eliminasyon l nan faz final eliminatwa koup dimond 2014 la devan Antigwa-Barbuda. Li posib pou “Grenadye” yo ta jwe kek match amikal ak lòt ekip nan CONCACAF la kap prepare yo pou semi-final eliminatwa Brezil 2014 la. Mesye Dartignave deklare: “Se yon selksyon jèn, e pi fò jwè yo kap evolye aletranje gen anpil talan. Nou pa ka kite yo tonbe.” Plis pase 60% jwè seleksyon an ap jwe swa sou kontinan ameriken an swa ann Euròp.

13 manm staf teknik Federasyon Ayisyèn Foutbòl la ap reyini nan fen semèn sa a pou yo kòmanse travay sou kèk pwojè. Pou sa ki konsène pwochen antrenè ki pral dirije seleksyon nasyonal la, Jean-Roland Dartignave di aklè: “Staff la pa vle sèvis antrenè etranje ankò apre afwon Edson Tabares, sot fè Federasyon an.” Manadjè seleksyon an repwoche antrenè Brezilyen an deske li te meprize konsèy taktik li te resevwa nan match ale Ayiti-Antigwa a kote seleksyon ayisyèn nan te pèdi 1-0. Yon defèt ki lakoz eliminasyon “Grenadye” yo malgre yo te ranpòte match retou a 2-1 nan Stad Silvio Cator nan Pòtoprens. Mesye Tabares ki fè konnen li te resevwa menas, te prefere abandone seleksyon an, retounen nan peyi Brezil san l pat avèti dirijan ayisyen yo.

Jean-Roland Dartignave ajoute: “Gen anpil bon antrenè Ayisyen ann Ayiti. Federasyon an dwe itilize valè ki nan peyi a.” Li site ann ekzanp anpil seleksyon nasyonal tankou Venezyela, Jamaik, Panama kap fè siksè nan kad eliminatwa koup dumond 2014 la avek antrenè ki nan peyi yo.

klike sou ralonj ki anlè e adwat atik la pou koute entèvyou manadjè seleksyon nasyonal ayisèn nan, Jean-Roland Dartignave, bay Lavwadlamerik.

XS
SM
MD
LG