Accessibility links

Breaking News
Ayiti: Plizyè Milyon Moun an Difikilte pou Jwenn Manje pou yo Manje
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:20 0:00

Ayiti: Plizyè milyon moun gen difikilte pou jwenn manje pou yo manje chak jou.

Ayiti Ap Fè Fas ak yon Kriz Grangou

Daprè chif ki jwenn konfimasyon òganizasyon ki angaje sou teren an ann Ayiti, popilasyon ayisyèn an anba yon menas grangou ki kòmanse gen move konsekans sou plizyè rejyon nan peyi a.

Se yon sitiyasyon ki grav anpil lè n konsidere plizyè òganizasyon, ajans ou sèvis –nasyonal ak entènasyonal, ki okipe yo de ranfòsman sekirite alimantè --sa vle di y ap chache ogmante disponiblite manje nan peyi a, tankou Kowòdinasyon Nasyonal Sekirite Alimantè, Plan Repons Imanitè, OCHA (Ofis Nasyon Zini pou Kowodinasyon Afè Imanitè), elatriye, -- ebyen, òganizasyon sa yo fè konnen yon afè de 2 milyon 600 mil ayisyen, swa anviwon yon 1/4 popilasyon an, pa jwenn manje oubyen pral gen difikilte pou yo jwenn manje pandan rès ane 2019 la.

Espesyalis yo site divès faktè ki ta eksplike kriz manje sa a. Pami faktè yo genyen dezas natirèl ki devaste pwodiksyon agrikòl la e touye betay atravè peyi a ; bès pouvwa dacha sitwayen yo avèk valè Goud la ki pa sispann bese devan dola ameriken an, eliminasyon posiblite pou popilasyon an resevwa sèvis de baz yo avèk, antwòt, yon reyalite sosyo-politik e ekonomik ki vin pi mal nan ane ki pase yo akoz yon ensekirite ki gen efè negatif sou lavi pèp ayisyen an an jeneral.

Kowòdinasyon Nasyonal Sekirite Alimantè, Plan Repons Imanitè, OCHA (Ofis Nasyon Zini pou Kowodinasyon Afè Imanitè), elatriye fè konnen yon afè de 2 milyon 600 mil ayisyen, swa anviwon yon 1/4 popilasyon an, pa jwenn manje oubyen pral gen difikilte pou yo jwenn manje pandan rès ane 2019 la.

Ayiti: 2.6 Milyon Moun an Difikilte pou Jwenn Manje pou yo Manje
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:49 0:00

Ekonomis Camille Chalmers kwè pwoblem grangou popilasyon ayisyen lan ap konnen jounen jodi a se rezilta move desizyon gouvenman an ap pran. Toutfwa ekonomis la panse, si otorite yo pran mezi apwopriye, sitiyasyon an ka chanje. Konsa, Camille Chalmers fè kek pwopozisyon bay chèf leta peyi a.

Ayiti: Ekonomis Camille Chalmers Fè Kèk Pwopozisyon sou Kriz Grangou a nan Peyi a
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:52 0:00

Kriz manje peyi Dayiti ap travèse a, gen gwo konsekans sou manman kap redi pou kont yo pou elve pitit, ak moun ki gen pwofesyon manyèl e ki deja gen difikilte pou bay fanmi yo manje chak jou. Matiado Vilme pale ak manm kèk fanmi ann Ayiti ki rakonte l sitiyasyon yo.

Kriz Manje Peyi Dayiti Ap Travèse a Gen Gwo Konsekans sou Manman ak Pitit
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:45 0:00

Depatman Nòdès pa epanye anba kriz grangou peyi Dayiti ap travèse a. Sepandan, gras ak sipò kèk òganizasyon non-gouvènmantal plizyè timoun rive resevwa pen lenstriksyon vant plen. Responsab sant rejyonal "Food for the Poor" Monseyè Elius Bélizaire fè konnen yo rive touche anpil moun nan kad distribisyon manje yo fè nan Nòdès e yap kontinye ede sila yo ki pi vilnerab yo. Detay ak Jaudelet Junior St. Vil.

Ayiti: Efò Kèk Òganizasyon Non-Gouvènmantal pou Ede Pèp nan Nòdès Anba Kriz Grangou a
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:10 0:00

Load more

XS
SM
MD
LG