Accessibility links

Breaking News
Ayiti: Plizyè Milyon Moun an Difikilte pou Jwenn Manje pou yo Manje
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:20 0:00

Ayiti: Plizyè milyon moun gen difikilte pou jwenn manje pou yo manje chak jou.

Ayiti Ap Fè Fas ak yon Kriz Grangou

Daprè chif ki jwenn konfimasyon òganizasyon ki angaje sou teren an ann Ayiti, popilasyon ayisyèn an anba yon menas grangou ki kòmanse gen move konsekans sou plizyè rejyon nan peyi a.

Se yon sitiyasyon ki grav anpil lè n konsidere plizyè òganizasyon, ajans ou sèvis –nasyonal ak entènasyonal, ki okipe yo de ranfòsman sekirite alimantè --sa vle di y ap chache ogmante disponiblite manje nan peyi a, tankou Kowòdinasyon Nasyonal Sekirite Alimantè, Plan Repons Imanitè, OCHA (Ofis Nasyon Zini pou Kowodinasyon Afè Imanitè), elatriye, -- ebyen, òganizasyon sa yo fè konnen yon afè de 2 milyon 600 mil ayisyen, swa anviwon yon 1/4 popilasyon an, pa jwenn manje oubyen pral gen difikilte pou yo jwenn manje pandan rès ane 2019 la.

Espesyalis yo site divès faktè ki ta eksplike kriz manje sa a. Pami faktè yo genyen dezas natirèl ki devaste pwodiksyon agrikòl la e touye betay atravè peyi a ; bès pouvwa dacha sitwayen yo avèk valè Goud la ki pa sispann bese devan dola ameriken an, eliminasyon posiblite pou popilasyon an resevwa sèvis de baz yo avèk, antwòt, yon reyalite sosyo-politik e ekonomik ki vin pi mal nan ane ki pase yo akoz yon ensekirite ki gen efè negatif sou lavi pèp ayisyen an an jeneral.

Ayiti toujou ap fè fas ak ensekirite alimantè. Konsa li toujou bezwen prezans yon seri ONG kap ede moun ki pi pòv yo siviv. Reciprocal Ministries International se youn nan ONG ki sou teren an. Daniel Shoemaker, prezidan RMI ki baze nan Fort Myers nan eta Florid te pale sak Serge F. Michel.

Reciprocal Ministries International RMI Se youn nan ONG Kap Ede Ayiti Goumen ak Grangou
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:20 0:00

2 depite, Jean Marcel Lumérant, reprezantan sikonskripsyon Gran Goave nan Chanm Bas la, ak Tanis Tertius, reprezantan Limonade, bay opinyon yo sou fenomèn grangou k ap frape plizyè rejyon nan peyi a. Minis afè etranjè gouvènman demisyonè a, Bocchit Edmond, bay detay sou dispozisyon otorite yo.

Ayiti: Pozisyon Kèk Otorite nan Gouvènman an sou Kriz Grangou an
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:30 0:00
XS
SM
MD
LG