Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Etazini: Senatris Edmonde Supplice-Beauzile Ekri Prezidan Obama sou Dosye Depòtasyon Ayisyen yo


Kandida alaprezidans peyi Dayiti Edmonde Supplice-Beauzile (Fizyon)
Kandida alaprezidans peyi Dayiti Edmonde Supplice-Beauzile (Fizyon)

Nouvèl ki soti Ayiti fè konnen kandida alaprezidans pati Fizyon Sosyo Demokrat yo, Senatris Edmonde Supplice-Beauzile, ekri yon lèt ke li voye Washington DC kote li adrese l direkteman ak premye sitayen Ameriken an Barack Obama sou sò Ayisyen k ap viv san papye yo ak sila yo ki gen dosye nan lajistis Ozetazini.

Nan lèt sila a, Madam Beauzile mande Prezidan Obama pou l fè yon kanpe pwovizwa sou depòtasyon sa yo an atandan peyi D Ayiti gen yon gouvènman lejitim. Madam Supplice-Beauzile ki te ap reponn kesyon Jean Pierre Leroy fè konnenn se pa premye fwa li pale ak otorite Ameriken yo sou dosye depòtasyon Ayisyen yo.

Klike sou lyen odyo a pou tande deklarasyon kandida pati Fizyon an Madam Supplice-Beauzile nan yon entèvyou ak Jean Pierre Leroy.

Madam Supplice-Bauzile Ap Repon Kesyon Jean Pierre Leroy
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:47 0:00

XS
SM
MD
LG