Accessibility links

Breaking News

Anbasadè Lèzetazini ann Ayiti, Peter F. Mulrean, Repete Washington Pa Apiye Fòmasyon Komisyon Verifikasyon Elektoral la


 Ambasadè ameriken ann Ayiti, Peter F. Mulrean.
Ambasadè ameriken ann Ayiti, Peter F. Mulrean.

Anbasadè ameriken an ann Ayiti, Peter F. Mulrean, te youn pami diplomat "Peyi Zami Ayiti yo" ki vizite palman ayisyen an nan jounen mèkredi 20 avril la pou kèk diskisyon sou pwosesis elektoral la. Misye Mulrean pwofite okazyon an pou l repete pozisyon Lèzetazini sou lide kreyasyon komisyon endepandan verifikasyon elektoral la. Li fè konnen Lèzetazini “wè danje nan yon komisyon konsa ki, dayè, pa gen plas li nan Akò 5 Fevriye 2016 la.”

Deklarasyon Anbasadè ameriken P. Mulrean sou Komisyon Verifikasyon Elektoral la - Reyaksyon Senatè S. Benoit ak Y. Latortue
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:58 0:00

Senatè Stephen Benoit, pandan li tap resevwa laprès nan biwo li .
Senatè Stephen Benoit, pandan li tap resevwa laprès nan biwo li .

Reyaksyon depaman sòti nan palman ayisyen an aprè deklarasyon Anbasadè Peter Mulrean fè mèkredi sou kreyasyon evantyèl yon komisyon endepandan verifikasoyn elektoral. Pa egzanp, Senatè Stephen Benoit rejte deklarasyon an kategorikman. Li di sèl baz diplomat etranje genyen pou yo pale nenpot ki jan de pwosesis elektoral la ann Ayiti, se paske kominote entènasyonal la ofri pi fò lajan ki nesesè pou finance eleksyon nan peyi a. Misye Benoit lanse apèl pou l mande endepandans peyi a nan domèn sa a.

Bò kote pa l, Senatè Youri Latortue pale nan yon sans ki montre li dakò ak diplomat ameriken an, menmsi li di lentènasyonal “pa gen dwa di nou sa pou n fè”. Daprè palmantè Latibonit ann Aksyon an, kreyasyon komisyon an pa nesesè, puiske genyen yon atik nan konstitisyon an (Atik 239.1) ki ofri yon altènativ pou yon komisyon konsa.

XS
SM
MD
LG