Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Enskripsyon Kòmanse Pou Kandida Nan Eleksyon 28 Novanm Yo


Kandida ki otorize pou patisipe nan pwochen eleksyon yo lanse apèl bay enstitisyon entènasyonal yo pou mande yo pa finanse eleksyon yo, an atandan manm Konsèy Elektoral la bay demisyon yo. Kandida yo lanse apèl sa a nan moman KEP a ouvè pòt li (19-25 jiyè) pou enskripsyon pati ki pral patisipe nan tout nivo eleksyon ki fikse pou 28 novanm yo, tandis ke enskripsyon pati yo pral fèt ant le 1er e le 7 out pwochen. Yon lòt kote, depite Eta New Hampshire, Jean Lignol Jeudy, ki te pran nesans nan vil Jeremi, ann Ayiti, retounen nan peyi li pou yon vizit aprè tranblemanntè 12 janvye 2010 la. Pandan depite a te nan La Grand Ans, li lanse apèl bay lidè ayisyen yo pou yo ini nan yon tèt ansanm pou rekonstwi peyi a, li fè konnen li lè li tan pou ayisyen bliye enterè pèsonèl yo pou defann enterè nasyon an. Korespondan nou Renan Toussaint ak Lucner Laguerre devlope nouvèl sa yo pou nou depi Ayiti.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj madi 20 jiyè 2010 la

XS
SM
MD
LG