Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: KEP a Anonse Bilten Vòt yo Pral Fèt Nan Emira Arab Ini


Nan peyi d Ayiti, direktè egzekitif Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP), Uder Antoine, bay yon konferans pau laprès nan jounen mèkredi 10 out 2016 la pou l te bay detay sou evolisyon pwosesis elektoral la. Nan okazyon an, Misye Antoine te retounen sou finansman eleksyon yo e li anonse se yon konpayi enprimri Emira Arab Ini ki ranpòte apèldòf pou prepare bilten vòt yo. Ofisyèl KEP a di enpresyon bilten yo pral koute Leta Ayisyen 2 milyon 552 mil dola.

Pandansetan, kandida a la prezidans Pati Fizyon Sosyo-Demokrat yo, ansyen Senatè Edmonde Supplice-Beauzile, envite tout òganizasyon politik ki pa deside ale nan eleksyon ki fikse pou 9 oktòb pwochen pote-kole ak Fizyon epi apiye kandidati li.

“Patisipasyon Fanm yo nan Eleksyon 9 Oktòb yo" : Se tèm yon jounen refleksyon Ministè Kondisyon Fanm peyi d Ayiti, an kolaborasyon avèk Ministè Jistis ak Sekirite, te òganize nan jounen jedi 10 out 201 6la nan Pòtoprens.

Direksyon Santral Polis Jidisyè a prezante bilan operayson li mennen pandan 2 dènye mwa yo nan kad batay kont fenomèn ensekrite a ann Ayiti.

Fènomèn Migrasyon nan Depatman Latibonit la se yon sous kè-sote pou òganizasyon Gwoup Refleksyon ak Apui pou Defann Latibonit. Responsab òganizasyon an mande dirijan ayisyen yo pran responsablite yo fas a sitiyasyon sa a.

NOUVEL AYITI POU JEDI 11 OUT 2016 LA - VWA: JEAN-PIERRE LEROY & LYONEL DESMARATTES
please wait

No media source currently available

0:00 0:11:27 0:00

Klike sou lyen anlè a pou detay nouvèl sa yo.

XS
SM
MD
LG