Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: Reyaksyon OPL sou Defèt Jude Celestin nan Prezidansyèl 20 Novanm yo


Yo sipòtè kap mache ak foto kandida LAPEH a, Jude Celestin, Pòtoprens, Ayiti, 23 oktob, 2015.
Yo sipòtè kap mache ak foto kandida LAPEH a, Jude Celestin, Pòtoprens, Ayiti, 23 oktob, 2015.

Oganizasyon Pèp Kap Lite, OPL, reaji sou rezon ki lakoz kandida pati LAPEH a, Jude Celestin, pèdi eleksyon prezidansyèl 20 novanm 2016 yo ann Ayiti.

Nan yon konferans pou laprès sekretè jeneral OPL la, Sauveur Pierre-Etienne, ak ansyen senatè, Irvelt Chery ki se manm direktwa pati a poze 2 kesyon sou defèt Misye Celestin an: Eske se yon erè politik? ou swa enplikasyon kominote entènasyonal la nan dènye eskriten yo?

Dapre resilta preliminè Konsèy Elektoral Pwovizwa te pibliye nan dat 28 novanm 2016 la, Jude Celestin rive an dezyèm pozisyon nan kous avèk 208 mil 837 vòt ou 19.52 pousan vwa. Jovenel Moise ki ranpòte kous la reyalize 595 mil 430 vòt ou 55.67 pousan vwa.

Sauveur Pierre Etienne ak Irvelt Chéry te repon kesyon Lavwadlamerik pandan rankon ak laprès jou 6 desanm 2016 an prelid a 25ème anivèsè oganizasyon politik Pèp Kap Lite(OPL).

Deklarasyon lidè OPL la, Sauveur Pierre Etienne nan mikwo korespondan Lavwadlamerik Orpha Dessources
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:25 0:00

XS
SM
MD
LG