Accessibility links

Breaking News

RNDDH Kritike Pwosesis Verifikasyon Pwosè Vèbal yo nan Sant Tabilasyon an


Marie Yolene Gilles, reprezantan Rezo Nasyonal Kap defann Dwa Moun nan Peyi Dayiti, RNDDH
Marie Yolene Gilles, reprezantan Rezo Nasyonal Kap defann Dwa Moun nan Peyi Dayiti, RNDDH

Rezo Nasyonal Kap defann Dwa Moun nan Peyi Dayiti, RNDDH, di li pa dakò ak fason teknisyen nan sant tabilasyon an ap kontrole pwosè vèbal yo nan kad kontestasyon eleksyon prezidansyèl 20 novanm 2016 la. Marie Yolene Gilles ki reprezante RNDDH kòm obsèvatè nan Sant Tabilasyon an (CTV) di Lavwadlamerik li kite Sant lan paske teknisyen yo pa byen fè kontwòl pwosè vèbal yo.

Lavwadlamerik te kontakte biwo kominikasyon Konsèy Elektoral Pwovizwa a men pat gen moun ki te disponib pou fè kòmantè oubyen reaji sou deklarasyon Madam Marie Yolène Gilles la.

Klike soul yen odyo a pou tande deklarasyon Madam Gilles la.

Deklarasyon Marie Yolene Gilles nan mikwo Lavwadlamerik
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:27 0:00

XS
SM
MD
LG