Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: Reyaksyon OEA/CARICOM


Ayiti-Eleksyon: Reyaksyon OEA/CARICOM
Ayiti-Eleksyon: Reyaksyon OEA/CARICOM

Misyon Tèt-Ansanm OEA-CARICOM ki t al obsève eleksyon yo nan peyi Dayiti anonse ke li “pran nòt” anons Konsèy Elektoral Pwovizwa a fè pou di li ranvwaye pou 4 avril pwochen, anons rezilta 2èm tou eleksyon prezidansyèl ak lejislativ yo.

Misyon an raple ke li prezan nan Sant k ap Konte e kontwole Vòt yo (Sant Tabilasyon an) vennkat-sou-vennkat. Gras ak travay obsèvasyon l ap fè a, li note ke yon gwo kantite pwosè-vèbal ale devan Inite Kontwòl legal la pou yon egzamen pi sere.

Dapre sa misyon an di nan nòt sa a, an reyalite Inite Kontwòl Legal la resevwa 15-mil-200 pwosè-vèbal ki reprezante apeprè 60% sou kantite total la.

Sa reprezante yon gwo ogmantasyon lè w konpare l ak 1er tou 28 novanm nan, kote se 10% yo te egzaminen.

Dapre Misyon OEA-CARICOM nan, ogmantasyon sa a fèt akoz mezi pi djanm responsab yo adopte, pou rezilta preliminè yo ka bon jan rezilta, ki lejitim.

XS
SM
MD
LG