Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: Reyaksyon Nasyonzini


Nan yon deklarasyon ki soti mèkredi 8 desanm 2010 la, Sekretè Jeneral Oganizasyon Nasyonzini an, Ban Ki-moon di li resevwa nouvèl ki anonse piblikasyon rezilta preliminè eleksyon lejislativ ak prezidansyèl 28 novanm yo nan peyi Dayiti.

Akizasyon ki pale de koken iregilarite ki reprezante yon sous preyokipasyon pou Sekretè Jeneral la, e li pran yon angajman solid pou l soutni eleksyon lib e onèt ki reflete volonte pèp ayisyen an. Ban Ki-moon atire atansyon sou le fèt ke rezilta sa yo pa definitif e yo depann de sa ki ekri nan lwa elektoral la.

Sekretè-Jeneral l’ONU an lanse apèl bay tout kandida yo pou l mande yo itilize tout mwayen legal yo, sa ki va pèmèt yo fè plis limyè sou sitiyasyon an, paske sa ta ka sèvi kom yon baz solid pou peyi a ale de lavan.

Nan menm deklarasyon sa a, Sekretè-Jeneral L’ONU fè konnen li gen kè-sote pou zak vyolans ki dewoule apre anons rezilta preliminè yo. Chèf Nasyonzini an raple tout kandida ke yo gen yon responsablite pèsonèlman pou yo ankouraje patizan yo rete kalm e sispann fè vyolans.

Misey Ban fini pou l di li trèzenpòtan pou yo jwenn yon solisyon pasifik pou sitiyasyon sa a, non selman pou respondab Ayisyon yo ka fè fas ak epidemi kolera a tousuit, men tou pou yo kreye kondisyon nan yon peryod pi long pou peyi a ka rekanpe sou pye l e devlope apre tranblemanntè a.

XS
SM
MD
LG