Ann Ayiti, prezidan eli a, Michel Joseph Martelly, avèk yon ton di, deklare lajistis kapab pase alaksyon kont Konsèy Elektoral Pwovizwa a si l ap pèsiste ak rezilta definif eleksyon lejislativ yo ki pa sispann pwovoke pwotestasyon atravè peyi a.
Nan yon konferans pou laprès Mesye Martelly bay jedi 5 me a, li garanti peyi a ap chanje a pati de 14 Me, dat prestasyon sèman n nan .
Korespondan nou nan Pòtoprens Clarens Renois te suiv konferans sa a pou nou.
Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande repòtajClarens Renois.