Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: Plis Reyaksyon Aprè Ranvwa Piblikasyon Rezilta yo


Ayiti-Eleksyon: Plis Reyaksyon Aprè Ranvwa Piblikasyon Rezilta yo
Ayiti-Eleksyon: Plis Reyaksyon Aprè Ranvwa Piblikasyon Rezilta yo

Desizyon Konsey Elektoral Pwovizwa Ayiti a pran pou li pwolonje plis toujou dat piblikasyon rezilta preliminè dezyèm tou prezidansyèl ak lejislativ 20 mas la soulve anpil dout ak kritik nan divès sektè.

Responsab Rezo Nasyonal Defans Dwa Moun, Pierre Esperance, kwè KEP a te kapab pibliye rezilta yo a tan, omwen pou Prezidan ak Senatè.

Evans Paul, ki se pòtpawòl Platfòm Altènativ la, avèti sa ka gen minen plis toujou konfyans piblik la nan enstitisyon elektoral la, si te gen konfyans.

Pierre Esperance ak Evans Paul te pami envite Lavwadlamerik mèkredi 30 mas la nan pwogram Lib Tribin “Dyaloge ak Etazini" kote yo te pale konsa nan pwogram nan sou sitiyasyon politik la ann Ayiti.

Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande repòtaj sa a.

XS
SM
MD
LG