Konsèy Elektoral Pwovizwa a pibliye madi 7 oktòb 2010 la rezilta preliminè eleksyon prezidansyèl e lejislativ 28 novanm pase yo ki, dapre anpil obsèvatè, rezilta yo te chaje ak koken iregilarite .
Madam Manigat, ansyèn Premyè Dam Ayiti, rekòlte 31,37 % vòt yo tandiske rival li, Jude Celestin, ranmase 22,48 % kont 21.84 % pou Michel Martelly
Konsèy la di pa gen okenn kandida ki ranpòte plis pase 50% vwa-yo. Donk pral genyen yon 2èm tou ki fikse pou 16 Janvye 2011.
Se pòtpawòl KEP a, Richardson Dumesle, ki te li kominike konsèy la pibliye pou l bay rezilta yo.
Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande repòtaj sa a.