Accessibility links

Breaking News

Ayiti Eleksyon: ONI Adopte Nouvo Mezi Pou Eleksyon yo


Ann Ayiti responsab yo nan Ofis Nasyonal Idanfikasyon an anonse yon seri mezi pou pèmèt elektè yo enskri si yo vle patisipe nan eleksyon ki fikse pou 28 novanm k ap vini an.

Nan vil Ench, Plato Santral, pòtpawòl militè demobilize ayisyen, Kòmandan Joselle Jean-Baptiste, di Konsèy Elektoral Pwovizwa a dwe òganize eleksyon onèt ak demokratik sinon y ap fè fas ak konsekans yo. Li anonse tou militè yo gen entansyon voye yon kandida pou al reprezante yo nan eleksyon mwa novanm 2010 la.

Nan Mirbalè, plizyè douzèn moun andikape te rasanble devan Komin Boukan Kare ki nan zòn nan. Kowòdinatè pou andikape rejyon an, Kenol Chrispin, ofri moun sa yo manje ak yon anvlòp lajan.

Nan Gonayiv, plizyè reprezantan ap mande asistans fòs polis la pou ede yo kont bandi ki anvayi zòn nan. Yo eksprime enkyetid yo konsènan yon pakèt bandi yo te arete e ki jwenn liberasyon yo rapid rapid e k ap flanen nan lari kounye a.

Sou Il La Gonav, vis prezidan Òganizasyon Fanm Pou Devlopman, Marie Borno Cherismé, mande pou tout fanm ann Ayiti bay Prezidan Préval ak Premye Minis Bellerive yon leson paske y ap eseye fè eleksyon yo ak yon sèl pati politik (INITE). Madan Cherismé mande tout fanm ayisyèn pou yo sipòte kandida fanm parèy yo nan eleksyon mwa novanm k ap vinn la a.

Korespondan nou yo atravè Ayiti devlope nouvèl sa yo pou nou.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj VOA kreyòl pou jounen 7 septanm 2010 la.

XS
SM
MD
LG