Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik: Rezon ki Lakoz KEP a Ranvwaye Dat Piblikasyon Rezilta Definitif Eleksyon Prezidansyèl Novanm yo


Logo Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP)
Logo Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP)

Dapre yon nòt Konsèy Elektoral Pwovizwa a pibliye nan laprès mèkredi 28 desanm nan aswè, piblikasyon rezilta definitif prezidansyèl 20 novanm 2016 la ki te fikse pou 29 desanm nan ranvwaye pou 3 janvye 2017.

Sepandan pòtpawòl KEP, Nicole Siméon, ki te pale ak Lavwadlamerik fè konnen rezilta eleksyon lejislatif konplemantè pou depite ak yon tyè sena a ap deyò moso pa moso apati dat 29 desanm nan.

Deklarasyon Pòtpawòl KEP a, Nicole Siméon, nan mikwo Jacquelin Belizaire
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:37 0:00

Yon lòt kote, Sant Tabilasyon an (CTV) ap rapousib verifikasyon pwosè vèbal yo apre KEP a te rejte demand “Rekizisyon" avoka kandida alaprezidans k ap konteste eleksyon yo te fè a. Avoka kandida kontestatè yo te mande KEP a pou l ranvwaye tout jij BCEN yo poutèt jij yo ta chanje règlemen yo pandan dewoulman verifikasyon pwosè vèbal yo nan Sant Tabilasyon an.

Patizan kandida pati politk Fanmi Lavalas, Maryse Narcisse, kap manifeste mekontantman yo nan Pòtoprens apre KEP a te fin pibliye rezilta pasyèl eleksyon prezidansyèl 20 novanm 2016. Foto: Pòtoprens, Ayiti, 28 novanm 2016
Patizan kandida pati politk Fanmi Lavalas, Maryse Narcisse, kap manifeste mekontantman yo nan Pòtoprens apre KEP a te fin pibliye rezilta pasyèl eleksyon prezidansyèl 20 novanm 2016. Foto: Pòtoprens, Ayiti, 28 novanm 2016

Reprezantan pati politik kontestatè yo ak avoka yo te kite sant lan apre jij yo te òdone yo pou yo pa touche pwosè vèbal yo men senpleman gade yo pandan dewoulman verifikasyon an. Malgre tou, jij yo te kontinye ak pwosesis verifikasyon an apre reprezantan kandida kontestatè yo te kite espas CTV a. Apre reprezantan kandida kontestatè yo te deside retounen nan sant Tabilasyon an, yo te mande pou jij BCEN yo rekòmansè verifikasyon yo nan limit lè yo te kite sal la. Yon demand jij yo te refize.

Pou rezon sa a, avoka 3 kandida alaprezidans kontestatè yo, Maryse Narcisse (Lavalas), Moise Jean-Charles (Pitit Desalin), ak Judes Celestin (LAPEH) te fè yon demand “rekizitwa” devan KEP a pou ranplase 5 jij BCEN yo.

Ann atandan KEP a te pwononse li sou dosye a, Sant Tabilasyon an te fè yon kanpe sou pwosesis verifikasyon 1560 pwosè vèbal yo. Apre KEP te anonse li rejte demand 3 pati politik kontestatè yo, Sant Tabilasyon an te kontinye pwosesis verifikasyon an avèk menm jij BCEN yo.

Nan yon konferans pou lapres kèk jou avan dat 29 desanm nan e pandan dewoulman verifikasyon 10 pousan nan pwosè vèbal prezidansyèl 20 novanm lan, jan jij Tribinal Kontansye yo (BCEN) te òdone li a, Direktè ekzekitf KEP a Uder Antoine te fè konnen yo pa gen entansyon chanje dat rezilta definitif prezidansyèl novanm yo.

Deklarasyon Direktè Ekzekitf KEP a, Uder Antoine, te fè kèk jou avan dat 29 desanm nan ki te fikse pou rezilta definitif prezidansyèl yo
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:13 0:00

Sepandan, nòt KEP a pibliye mèkredi swa 28 desanm 2016 la prezise se diferan faz kontestasyon yo pran, ki fè yo oblije chanje dat piblikasyon rezilta definitif prezidansyèl la.

Plizyè radio nan kapital peyi Dayiti rapòte KEP a anonse lap rapousiv verifikasyon an apre li fin rejte demand rekizyson avoka kandida kontestatè yo kont jij BCEN yo.

Lòt enfòmasyon ki soti ann Ayiti fè konnen, Moise Jean-Charles (Pitit Desalin) ak Mèt Andre Michel ki se avoka Judes Celestin (LAPEH) di yo minimize desizyon institisyon elektoral la.

Pozisyon PHTK sou Kontestasyon yo:

Yon konseye politik kandida Pati Ayisyen Tèt Kale a (PHTK), Raynald Luberice, deklare se dilatwa kandida malere nan eleksyon prezidansyèl 20 novanm yo ap fè. Misye Luberice fè konnen se menm kandida sa yo ki an 2015 te di yo pa prale nan dezyèm tou prezidansyèl pou tèt rezilta yo te gen magouy e kounye a kap mande pou dezyèm tou.

Patizan PHTK, Pati Politik Ayisyen Tèt Kate yo kap manifeste kontantman yo nan lari pandan yon kanpay elektoral prezidansyèl nan Kafou, Pòtoprens Ayiti, 11 oktòb 2015.
Patizan PHTK, Pati Politik Ayisyen Tèt Kate yo kap manifeste kontantman yo nan lari pandan yon kanpay elektoral prezidansyèl nan Kafou, Pòtoprens Ayiti, 11 oktòb 2015.

Konseye PHTK a site pati politk Fanmi Lavalas ki dapre li pase 30 tan sou pouvwa ann Ayiti e ki pa regle anyen.

Deklarasyon Raynold Luberice nan mikwo Lavwadlamerik
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:08 0:00

XS
SM
MD
LG