Accessibility links

Breaking News

Ayiti Eleksyon: Kandida Ki Pran Move Kanè Yo Prale Ann Apèl


Kandida a la prezidans Konsèy Elektoral Pwovizwa ayisyen an bay move kanè e ki pap ka patisipe nan eleksyon novanm yo kontinye ap menen demach jiridik ann Ayiti e aletranje pou yo kapab retounen nan kous la.

Kandida sa yo --pami yo genyen Wyclef Jean ak Raymond Joseph, ansyen anbasadè ayisyen nan Washington-- chache sèvis enstitisyon dwa moun Ozetazini e nan Amerik Latin nan pou wè si presyon yo kapab ede yo retounen nan kous la.

Daprè yo, Konsèy Elektoral la montre li nan pati pri, li sèvi ak "deux poids, deux mesures" ak fason li deside ki kandida ki kapab patisipe ak kilès lòt ki pa kapab patisipe nan prezidansyèl mwa novanm nan.

Plis detay avek korespondan nou nan Pòtoprens Clarens Renois ap reponn kesyon Jean-Pierre Leroy.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute yon entèvyou Jean-Pierre Leroy ak Clarens Renois.

XS
SM
MD
LG