Eleksyon sa a bay pèp ayisyen an opòtinite pou l vote pou yon prezidan ak reprezantan li nan palman an. 7 semèn sèlman apre destriksyon ki te fèt anpil kote nan sidwès Ayiti akoz pasaj siklòn Matthew, otorite nan gouvènman ak otorite electoral ayisyen yo te gen detèminasyon pou asire ke tout sitwayen te gen opòtinite pou yo vote pou avni yo.
Pòtpawòl Depatman Deta John Kirby te deklare: “Nou felisite Ayisyen yo daprezavwa yo te ekzèse dwa yo pou yo vote pasifikman, e nan kèk zòn, nan sikonstans difisil. Etazini byen akeyi detèminasyon Konsèy Elektoral Pwovizwa a ki te kanpe tenn-fas, ansanm ak Polis Nasyonal Ayisyen an, ak Gouvènman Ayiti a pou reyalize eleksyon lib, onèt, ke moun ka fè konfyans, e ki pasifik.”
"Eleksyon ki byen fèt se bagay ki esansyèl pou pwosperite, gouvènans, ak avni Ayiti,” dapre Kowòdonatè Espesyal Etazini pou Ayiti e Vis-Asistan Sekretè ameriken Kenneth Merten. Anbasadè Merten kontinye pou l di: “Pou abòde prensipal pwoblèm ke Ayiti ap konfwonte, tankou efò pou l refè apre siklòn Matthew, refòm nan sistèm eleksyon ak sistèm jistis la, mezi pou konbat kòripsyon, ak nesesite pou akselere kwasans ekonomik, Ayiti dwe gen estabilite politik ak yon gouvènman lejitim ki moute ak yon manda 5 an.”
Etazini pran nòt pou anons ke Konsèy Elektoral Pwovizwa a te fè 28 Novanm pase a sou rezilta preliminè eleksyon prezidansyèl yo. Pandan nap tann rezilta final yo, nou ekzòte tout moun ann Ayiti pou yo fè plas pou lapè pandan peryòd kontestasyon an pou yo asire ke Ayiti rete sou ray li pou l rive renouvle enstitisyon demokratik leta yo e mete chita sou fòtèy boure a yon prezidan ke pèp ayisyen an eli.
Pou Ayiti kenbe yon plas lejitim pami peyi ki gen demokrasi nan emisfè a, li oblije retounen nan sistèn pouvwa konstitisyonèl li ann akò ak prensip ki ekri nan Chart Demokratik Entè-Ameriken an.