Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: Diaspora a Mete Espwa l nan Nouvo Prezidan Eli a


Ayisyen ki aletranje yo (sa nou rele Diaspora a) sanble plase anpil espwa nan pwochen gouvènman peyi natif-natal yo a.

Tankou Yves Mompremier pral di nou depi vil Orlando, nan eta Florid, anpil nan konpatriyòt sa yo deja ap ensiste pou Prezidan eli Michel Martelly onore pwomès li te fè pandan kanpay la, kit se nan domèn edikasyon, sekirite, ak abri pou viktim tranblemanntè janvye 2010 la.

Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande repòtaj Yves Mompremier.

XS
SM
MD
LG