Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: Delè pou Konteste Rezilta Prezidansyèl yo Rive nan Bout li


Patizan kandida alaprezidans, Maryse Narcisse, Fanmi Lavalas ki pran lari pou chante viktwa avan piblikasyon rezilta eleksyon 20 novanm yo nan Pòtoprens, Ayiti. 28 novanm, 2016.
Patizan kandida alaprezidans, Maryse Narcisse, Fanmi Lavalas ki pran lari pou chante viktwa avan piblikasyon rezilta eleksyon 20 novanm yo nan Pòtoprens, Ayiti. 28 novanm, 2016.

Delè, Konsèy Elektoral Pwovizwa a fikse pou tout kandida ki di yo pa aksepte rezilta eleksyon prezidansyèl 20 nonvanm yo vin depoze prèv kontestasyon yo, bout vandredi 2 desanm 2016 a 10 zè du maten

Direktè afè jiridik Konsèy Elektoral Pwoviswa a, Mèt Samuel Pierre, ki te pale ak Lawadlamerik jedi premye desanm di, " Jikskaprezan biwo kontansye a poko resevwa okenn dosye kontestasyon."

Apre KEP a te fin pibliye rezilta pasyèl eleksyon prezidansyèl yo nan lendi 28 novanm kèk kandida e apmi yo Dr. Maryse Narcisse (Fanmi Lavalas), Jude Celestin (LAPEH), ak Jean-Charles Moise (Pitit Desailin) te fè deklarasyon nan laprès pou yo di yo rejte rezilta sa yo.

Klike sou lyen anba teks la pou tande deklarasyon Direktè biwo jiridik KEP a Samuel Pierre nan mikwo Lavwadlamerik

Deklarasyon Direktè Biwo Jiridik KEP a, Mèt Samuel Pierr, sou Dat Limit pou Konteste Rezilta Eleksyon Prezidansyèl yo
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:53 0:00

XS
SM
MD
LG