Accessibility links

Breaking News

Ayiti Eleksyon: Charles Henry Baker Anonse L ap Kandida


Ann Ayiti, Charles Henry Baker, yon òm dafè rekoni e lidè Pati Respè, anonse li pral depoze nan Konsèy Elektoral Pwovizwa a pyès ki nesesè pou l poze kandidati l a la prezidans nan eleksyon ki fikse pou mwa novanm nan.

Mesye Baker ki bay korespondan nou Rotchild Francois Jr. yon entèvyou fè konnen li pare pou l lanse pèsonèlman yon kanpay motivasyon ke okenn pati politik ni gouvènman an pap fè pou pèsonn.

Toujou sou dosye elktoral la, René Civil, lidè gwoup JPP (Jenès Pouvwa Popilè) anonse anvan lontan gwoup la pral lanse yon seri manifestasyon pou fòse Prezidan Préval ak KEP a al fè wout yo.

Mesye Civil ajoute, dirijan JPP yo gen yon kontak pèmanan avèk lidè orijinal Fanmi Lavalas, an palan de ansyen Prezidan Jean Bertrand Aristide e li toujou gide yo nan desizyon y ap pran.

Nan Plato Santral la, mouvman pou entegrasyon fanm nan politik plede pou medam yo patisipe plis nan zafè politik peyi a.

Nan Jacmel, pouvwa santral la enstale madi 3 out la yon nouvo delege depatmantal pou Sidès la.

Nan O Atibonit, otorite lokal yo fè konnen yo pa dakò ak opozisyon an k ap mande depa Prezidan Préval ak revokasyon manm KEP a.

Sou Il La Gonav, yon pati nan popilasyon Pwent a Rakèt la leve kanpe pou yo denonse nominasyon yon jij nan tribinal lokal la ki pa ta moun zòn nan.Yo fè konnen vil la genyen ase sitwayen konpetan pou okipe pòs la.

Nan O Kay, dirijan pwotestan yo fòme yon nouvo koalisyon ki rele "Alliance Chrétienne pour la Reconstruction d'Haiti".

Anfen, nan depatman Grandans la, lapolis ap chache moun ki ta mete men sou yon dwòg (kokayin) dilè ta lage nan zòn nan. Daprè korespondan nou nan Jeremi, yon polisye ta twouve l pami moun otorite yo ap chache yo.

Korespondan nou yo atravè Ayiti devlope nouvèl sa yo pou nou.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj VOA kreyòl pou jounen 4 out 2010 la

XS
SM
MD
LG