Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: Piblikasyon Rezilta Definitif yo pou 2 Fevriye 2011


Ayiti-Eleksyon: Piblikasyon Rezilta Definitif yo pou 2 Fevriye 2011
Ayiti-Eleksyon: Piblikasyon Rezilta Definitif yo pou 2 Fevriye 2011

Chèf sivil Misyon Estabilizasyon L'ONU ann Ayiti a, Edmond Mulet, anonse pou 2 fevrye rezilta definitif eleksyon 28 novanm yo.

Mesye Mulet fè anons sa a nan yon chita-tande kominote entènaysonal la te fè nan aprèmidi lendi 24 janvye 2011 la avèk Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) ayisyen an.

Peyi zanmi Ayiti yo te pwofite pou pwononse yo kont anilasyon eleksyon yo e yo mande KEP a pran an konsiderasyon rapò OEA a.

Yon jounalis Radio Metropole ki te sou plas pandan reyinyon an, Eloge Milfort, reponn kesyon Jean-Pierre Leroy.

Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande entèvyou Eloge Milfort ak Jean-Pierre Leroy.

XS
SM
MD
LG