Accessibility links

Breaking News

Ayiti Eleksyon: Kanpay Elektoral La Kòmanse Lendi 27 Septanm 2010 la


Ann Ayiti, daprè konsiyn Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP a) kanpay lan kòmanse lendi 27 septanm 2010 la. Men se sèlman premye faz kanpay la kote kandida ak lidè pati politik kapab sèvi ak postè, pankat, tout kalte dokiman ekri pou yo mete pwogram yo devan elektora a e chofe patizan yo.

Sepandan, KEP a fè konnen yo poko ka sèvi ak radyo ak televizyon pou yo reyalize objektif nou sot site la yo.

Yon lòt kote, nan anpil rejyon nan peyi Dayiti pwofesè lekòl menase pou yo bòykote ouvèti klas la lendi 4 oktòb la nan kad yon mouvaman pwotestasyon pou yo egzije Depatman Edikasyon Nasyonal peyo plizyè mwa lajan yo poko touche; genyen nan pwofesè sa yo ki genyen plis ke 20 mwa depi yo pa resevwa salè yo.

Yon lòt objektif pwotestasyon an se pou mande responsab yo nonmen ofisyèlman plizyè pwofesè k ap travay depi lontan san lèt nominasyon Depatman Edikasyon.

Se kèk nan nouvèl korespondan nou yo atravè Ayiti devlope nan yon rezime aktyalite a nan peyi a.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj VOA kreyòl pou jounen 27 septanm 2010 la.

XS
SM
MD
LG