Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Prezidansyèl: 3 Kandida Konteste Rezilta Vòt 20 Novanm 2016 yo


Yon votè kap tranpe dwèt pous li nan lank apre li fin lage bilten li nan yon biwo vòt nan Delmas, Pòtoprens, Ayiti, dimanch 20 Novanm 2016.
Yon votè kap tranpe dwèt pous li nan lank apre li fin lage bilten li nan yon biwo vòt nan Delmas, Pòtoprens, Ayiti, dimanch 20 Novanm 2016.

Jude Celestin (LAPEH), Moïse Jean-Charles (Pitit Desalin) ak Marise Narcisse (Lavalas) depoze dokiman kontestasyon yo nan Biwo Elektoral Depatmantal Lwès la vandredi 2 desanm nan anvan fen delè ofisyèl la.

Dapre direktè biwo jiridik KEP a, mèt Samuel Pierre, kandida alaprezidans Jude Celestin (LAPEH), , Moïse Jean-Charles (Pitit Desalin) ak Maryse Narcisse (Lavalas), ki rive respektivman dezyèm, twazyèm e katriyèm nan eleksyon 20 novanm 2106 yo depoze dokiman kontestasyon yo nan Biwo Elektoral Depatmantal Lwès la avan fen delè ofisyèl: vandredi 2 desanm 2016, 10 zè di manten.

3 kandida sa yo ki te deklare nan laprès yo pap aksepte rezilta eleksyon yo, pran wout legal la jan kalandriye elektoral modifye a mande sa.

Sepandan, poko gen enfòmasyon klè sou kesyon pou konnen si kontestasyon sa yo pral fòse Konsèy Elektoral Pwovizwa a modifye rezilta pasyèl yo oubyen rekile dat ki fikse pou KEP a piblikasyon reziltra definitif yo.

Direktè biwo jiridik KEP a, Mèt Samuel Pierre, bay plis presizyon nan mikwo jounalis VOA, Jean Pierre Leroy.

Klike sou lyen anba tèks la pou w tande deklarasyon Mèt Pierre a.

Deklarasyon Direktè Biwo Jiridik KEP a, Mèt Samuel Pierre, nan Mikwo Lavwadlamerik.
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:44 0:00

XS
SM
MD
LG