Avan dewoulman eleksyon yo, lapolis te anonse gwo mezi pou garanti sekirite nan tout peyi a pandan e apre jounen eleksyon an. Anvwaye espesyal Lavwadlamerik, Jacquelin Belizaire, ki te siyone plizyè zòn nan depatman lwès la, te konstate dispozitif sekirite sa yo tout kote ki gen biwo ak sant vòt yo.
Prezidan KEP a Léopold Berlanger ki tap pale ak laprès bat bravo pou reyisit jounen eleksyon an. Li pwomèt rezilta preliminè yo nan 8 jou pou pita.
Yon lòt kote, Pierre Esperance ki se Direktè Ekzekitif RNDDH( Rezo Nasyonal Defans Dwa Moun) e ki te deplwaye plizyè obsèvatè nan tout peyi a pandan eleksyon yo, fè yon bilan pozitif sou jounen 20 novanm 2016 la. Msye Esperance di, " Pa gen oken konparezon ant eleksyon 15 oktòb 2015 yo ak dènye eleksyon sa yo.
Korespondan Lavwadlamerik nan Latibonit ak Nòdes peyi D Ayiti fè konnen eleksyon yo te dewoule nan 2 Depatman sa yo san okenn gwo ensidan selon deklarasyon otorite lapolis yo.
Reprezantan Sekretè jeneral Nasyon Zini an ann Ayiti, Sandra Honore, bò kote pal di li salye efò gouvènman ayisyen an ak lòt enstitisyon yo pou reyisit jounen elektoral 20 novanm nan.
Klike sou lyen odyo a anba atik la pou dande deklarasyon Chèf MINUSTAH nan mikwo korespondan Lavwadlamerik nan Pòtoprens Orpha Dessources.