Accessibility links

Breaking News

Ayiti Delivre Yon Paspò Pou Misye Jean-Bertrand Aristide


Ansyen Diktatè Jean-Claude "Baby Doc" Duvalier nan Pòtoprens, Ayiti, 21 janvye 2011. (AP Photo/Ramon Espinosa)
Ansyen Diktatè Jean-Claude "Baby Doc" Duvalier nan Pòtoprens, Ayiti, 21 janvye 2011. (AP Photo/Ramon Espinosa)

Ministè enteryè peyi Dayiti delivre ofisyèlman yon passpò diplomatik pou ansyen prezidan ayisyen, Jean-Bertrand Aristide. Korespondan nou nan Pòtoprens, Clarens Renois, pale ak minis enteryè a, Paul Antoine Bien-Aimé, ki konfime gouvènman prezidan René Préval ap dirije ak premye minis Jean-Max Bellerive la remèt passpò a bay avoka misye Aristide, Ira Kruzban.

Si misye Aristide deside retounen nan peyi li, Ayiti, se va twazyèm ansyen chèf deta depi apre yon ka syèk, ke pèp souvren te kwape ki retounen lakay li apre ansyen prezidan avi Jean-Claude Duvalier. Duvalier te debake Ayiti 16 janvye 2011 lan apre yon egzil 25 kan nan peyi Lafrans, kote li te pran refij apre yon seri manifestasyon popilè nan Okap ak nan Gonayiv te kapote rejim li an an fevriye 86.

Misye Duvalier ki genyen plent plizyè sitwayen ayisyen pote kont li pou zak pèsekisyon ak abi yo di yo te sibi pandan li te prezidan peyi Dayiti (1971-1986) sanse aladispozisyon la jistis e l pa gen dwa kite peyi Dayiti, dapre otorite ayisyen yo. Sepandan, ansyen prezidan an lib deplase e ale kote li vle atravè peyi a.

Genyen apeprè 2 semèn li te nan riyèl Roy kote li t al vizit yon kay-senbòl e istorik pou divalyeris yo, e madi 8 fevriye a, misye Jean-Claude Duvalier te fè yon rive nan vil Léogane, vil natif-natal defen manman li, Madam Simone.Ovide Duvalier.

Ale sou ralonj ki anwo e adwat paj wèb la pou w koute 2 repòtaj Clarens Renois prepare sou sijè sa yo.

XS
SM
MD
LG