Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Chita Pale yo Ap Kontinye pou yon Solisyon Negosye nan Kriz Peyi Ap Travèse a


Foto Achiv: Manifestasyon nan Pòtoprens, 7 oktòb 2019.
Foto Achiv: Manifestasyon nan Pòtoprens, 7 oktòb 2019.

Chita pale 3 jou san siksè, ki te dewoule semen pase a sou kriz peyi Dayiti ap travèse a ap kontinye ak kèk nan patisipan yo. Dapre nouvèl yo, aktè yo te kontinye rankontre depi lendi pou diskite pwen ki te divize yo nan dyalòg la ak posibilite pou jwenn yon antant definitif.

Diskisyon yo te bloke sou rediksyon manda prezidan an ak nominasyon yon Premye Minis. Opozisyon an mande pou l nonmen nouvo Premye Minis la epi pou Prezidan Jovenel Moise remèt pouvwa a 7 fevriye 2021.

Sipòtè pouvwa a di, manda prezidan an pa negosyab e se li menm ki gen otorite pou nonmen nouvo chèf gouvènman an k ap fòme yon gouvènman dinyon nasyonal.

XS
SM
MD
LG