Nan Eta Massachusetts, isit Ozetazini, kèk lidè relijye nan kominote ayisyèn nan nan Boston fè konnen yo apiye inisyativ gouvènman Moïse/Lafontant an pran pou l lanse "Karavann Chanjman an" ki kite vale Latibonit la sa pa gen lontan pou l antre nan Depatman Sid peyi a.
Korespondan Lavwadlamerik, Wilson Dubuisson, di lidè sa yo swete otorite yo pap rete nan vil yo sèlman, men yo va pran an konsiderasyon doleyans moun kap viv alakanpay yo tou.
Klike sou odyo a pou w tande repòtaj Wilson nan.
Karavann Chanjman Pral Debake nan Sid Peyi a
Dapre korespondan Lavwadlamerik nan Pòtoprens Orpha Dessources, pouvwa Egzekitif la anonse Karavann Chanjman an prale nan depatman sid peyi a premye jiyè 2017 kap vini an. Pòtpawòl prezidans la, Tamara Orion,f è konnen 2èm faz operasyon yo ap koute plizyè dizèn milyon dola.
Plis detay nan odyo a avèk Orpha Dessources.