Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Sena a Adopte Pwojè Lwa sou Blanchiman Lajan ak Koripsyon an


Manm Sena Ayisyen an
Manm Sena Ayisyen an

Mèkredi 28 septanm 2016 la 17 Senatè vote an favè pwojè lwa sou lavman lajan sal ak lwa sou ajans k ap lite kont koripsyon an (UCREF). Vòt sa vin ajoute sou jefò otorite Ayisyen yo di yap fè pou frennen koripsyon ak envestisman move lajan.

Mwa pase a Lèzetazini te anonse li pral entèdi transfè lajan ant 2 peyi yo si Ayiti pa resoud pwoblèm lavman lajan sal ak koripsyon an. Menas sa a rive apre rapò Gwoup Daksyon Finansye Etènasyonal pou Peyi Karayib yo (GAFIC) te pibliye mwa jen pase a kote l pale de Ayiti kò youn nan peyi kote lajan sal ap sikile.

Ronald Lareche, Prezidan Chanm Sena Ayiti
Ronald Lareche, Prezidan Chanm Sena Ayiti

Prezidan Sena Ayisyen an, Ronald Lareche, fè konnen desizyon senatè yo pran pou vote 2 dokiman sa yo, se yon gwo pa pou peyi a.

Klike sou Lyen anba atik la pou tande deklarasyon Prezidan Gran Kò a Ronald Lareche.

Deklarasyon Prezidan Chanm Sena Ayisyen an sou Vote Pwojè Lwa sou Blanchiman Lajan ak Koripsyon an
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:47 0:00

XS
SM
MD
LG