Accessibility links

Breaking News

Ansyen Prezidan Jean Bertrand Aristide Konparèt Devan Lajistis - Lavalasyen Manifeste pa Milye nan Pòtoprens


Ansyen Prezidan Ayisyen Jean-Bertrand Aristide (foto achiv)
Ansyen Prezidan Ayisyen Jean-Bertrand Aristide (foto achiv)

Ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide konparèt devan lajistis pou l reponn kesyon sou asasina defen jounalis Jean-Dominique, direktè Radio Haiti Inter, ak Jean-Claude Louissaint, gadyen estasyon an.


please wait

No media source currently available

0:00 0:03:33 0:00
Direct link

Plizyè dizèn milye patizan Fanmi Lavalas manifeste mèkredi 8 me a nan sant vil kapital la, Pòtoprens, an favè ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide ki te konparèt devan yon Kou Dapèl pou l reponn kesyon sou lanmò defen jounalis Jean-Dominique, direktè Radio Haiti Inter, ak Jean-Claude Louissaint, gadyen estasyon an.

Reyaksyon ki tonbe aprè seyans konparisyon ansyen Prezidan Aristide la : 1).- Kèk palmantè lavalasyen denonse aksyon lajistis-la kòm sa yo konsidere tankou yon pèsekisyon politik ; 2).- Lidè politik Charles Henry Baker, bò kote pa l, reyaji pou l di se nòmal pou Misye Aristide reponn kesyon lajistis tankou tout lòt sitwayen. Daprè Misye Baker, genyen lòt rezon pou sistèm jistis ayisyen entèwoje ansyen lidè a : li site, pa egzanp, lajan ki te disparèt nan kès leta kèk jou sèlman anvan Misye Aristide te kite pouvwa a.

Klike sou ikòn anlè a pou w koute repòtaj Sèvis Kreyòl la sou dosye ansyen Prezidan Aristide la.
XS
SM
MD
LG