Accessibility links

Breaking News

Ayiti ak Repiblik Dominikèn Dakò Pou Yo Kontinye Dyalòg Wanament lan Mwa Pwochen


Kat Repiblik Dominican Republic ak Ayiti
Kat Repiblik Dominican Republic ak Ayiti
Komisyon bilateral Ayiti ak Repiblik Dominicaine nan mete yo dakò sou plizyè dosye enpòtan nan ajenda diskisyon yo tanmen madi 7 janvye a nan vil Wanament sou fwontyè ki separe 2 repiblik ki pataje zile Ayiti-Quiskeya-Bohio a e yo fikse yon dezyèm randevou pou 3 fevriye kap vini an.
Pami tèm yo te diskite, genyen imigrasyon, komès, anviwonnman ak dwazimen.

Apre rankont lan ki te dire plis pase 7 tèd'tan delegasyon dominikèn nan ak delegasyon ayisyen an, anonse semèn kap vini an R.D pral pwopoze yon lwa adisyonèl pou regilarize sitiasyon tout ka Plan Regilasyon migrasyon Repiblik Dominikèn nan afekte.
2 peyi yo deside pandan reinyon an fòme yon komisyon miks bilateral pou travay sou antant komisyon wo nivo Wanament la jwenn yo.

Pwochen rankont komisyon yo va dewoule nan Repiblik Dominikèn nan mwa fevriye a.

Fè yon klik sou ikòn ki anba agoch atik sa pou n koute deklarasyon premye minis Laurent Lamothe.
XS
SM
MD
LG