Ayiti make lendi 12 jiyè a 6 mwa depi yon kokenn tranblemanntè te pran lavi plis pase 220 mil moun, lakoz yon afè 1 milyon 500 mil moun rete san kay epi kite ruin ak dezolasyon nan Pòtoprens, kapital la, ak kèk lot vil nan dat 12 janvye a. Nasyon Zini fè konnen sa pral pran jiska yon dizèn dane pou Ayiti rebati e rekanpe sou pye l, apre gwo soukous la ki te mezire 7 pwen sou echèkl Ricktè a. UNICEF fè konnen timoun kontinye ekspoze anba gwo menas pou sante yo pou avni yo, men kokenn operasyon imanitè ki te fèt ann Ayiti a evite yon pi gwo katastwòf ki ta ka lakoz yon kriz malnitrisyon oubyen yon gwo deplasman popilasyon nan direksyon Repiblik Dominikèn.
Premye minis ayisyen an Jean Max Bellerive ak ansyen Prezidan Etazini an Bill Clinton fè konnen gen plizyè milyon Ayisyen jouk kounye a ki pa gen sèvis preliminè tankou kay, dlo, kondisyon sanitè ak swen sante. Mesye Clinton ak Mesye Bellerive, ki se 2 ko prezidan Komisyon Pwovizwa pou Rekonstriksyon Ayiti a, kontinye pou yo di jous kounye a se sèlman 10% sou 5 milya 300 milyon dola gouvènman etranje ak enstitisyon entènasyonal yo te pwomèt Ayiti, ki rive jwenn gouvènman ayisyen an. Mesye Clinton ak mesye Bellerive lanse apèl pou yo mande Bank Mondyal, ki sipèvize fon lajan entènasyonal pou Ayiti a pou li asire ke diferan gouvènman ak enstitisyon yo kenbe pwomès yo e pou dekèsman lajan-an pa pase nan pakèt fòmalite teknik. De ko-prezidan komisyon rekonstriksyon an ak Prezidan René Préval te patisipe nan yon seremoni ki dewoule nan palè nasyonal la nan Pòtoprens, lendi 12 jiyè a pou make 6 mwa anivèsè tranblemandetè 12 janvye a. Yon editorial ki parèt nan jounal Nouyòk Times fè konnen gen pwogrè ki fèt, men tout moun k ap patisipe nan efò pou fè Ayiti rekanpe sou pye l yo, ta dwe fè travay la pi byen.
Isit Washington, Konseye Depatman Deta Cheryl Mills fè konnen defi ki prezante kounye a ann Ayiti, se fè tranzisyon an soti nan faz reyaksyon devan yon kriz imedya pou antre nan faz operasyon pou fè peyi a rekanpe sou pye l; e etap sa a, daprè li, ap pran anpil tan. Pou sa ki gen rapò ak seremoni ki make 6 mwa anivèsè trajedi 12 janvye a, nou gen yon repòtaj anvwaye espeysal nou Jean Pierre Leroy, ki pale nan Pòtoprens ak repòtè chèn televizyon CNN, Anderson Cooper, ki bay opinyon li sou efò rekonstriksyon an 6 mwa apre tranblemanntè a.
Yon lòt kote, pami deklarasyon ofisyèl ameriken yo fè pou make 6 mwa anivèsè tranblemandtè a ann Ayiti, nou genyen kòmantè madam Julissa Reynoso, asistan sekretè deta adjwen Lèzetazini, ki te pale ak kòlèg nou Tony Cano, nan sèvis latino ameriken Lavwadlamerik la. Lè Tony mande l kijan li wè pèspektiv yo sou teren an ann Ayiti, epi konbe tan li panse pwosesis rekonstriksyon an kapab dire, li te reponn pou l gen pwogrè ki fèt, men sa ap pran anpil tan anvan pou Ayiti rekanpe sou pye l. Li ensiste pou l di Lèzetazini pral kontinye rete bò kote pèp ayisyen an.
“Nivo destriksyon yo ann Ayiti –ki te deja, daprè sa moun te ka konstate, yon peyi ki tap fè fas ak tèlman mizè ebyen, se yon peyi kounyela a ki bezwen tèlman anpil bagay. Pou Ayiti kapab rive non sèlman nan pwen kote li te ye nan dat 11 janvye a (donk avan tranbleman detè-a) men tou pou l tounen yon Ayiti ki vyab ekonomikman, sa pral mande anpil ane, anpil ane pou n rive nan pwen kote tout moun ka di yo satisfè, kounyela a Ayiti se yon peyi ki anfòm. Gen pwogrè ki fèt nan efò pou ede moun yo satisfè bezwen de baz yo a kou tèm; men nou bezwen plis tan ak plis resous pou n rive nan yon löt nivo."
Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute yon repòtaj Jean Pierre Leroy depi Ayiti.