Accessibility links

Breaking News

Ayiti: 30 Mil Dola Kolekte nan Maraton pou Radyo Kiskeya; Goud la Kontinye Degrengole Parapò ak Dola a


Acha ak vant lajan sou fwontyè Ayiti ak Sen Domeng. Foto: REUTERS/Eduardo Munoz (DOMINICAN REPUBLIC)
Acha ak vant lajan sou fwontyè Ayiti ak Sen Domeng. Foto: REUTERS/Eduardo Munoz (DOMINICAN REPUBLIC)

Komite kap òganize maraton pou kolekte lajan pou reskonstwi Radyo Tele-Kiskeya a anonse li deja ranmase 30 mil dola ameriken nan men tout kouch sosyal nan sosyete a.

Plizyè aktivite ap dewoule tout kote nan peyi a pou kolekte lajan nesesè rekonstwi Radyo Tele Kiskeya ki te boule 21 desanm 2018 la. Anketè yo poko anonse koz ensandi a ki sanble te kòmanse nan yon lòt rezidans avan li te pwopaje nan edifis radyo-televizyon an pou l boule pifò medya sa a.

Komèsan yo nan vil Jacmel fèmen pòt yo pwovizwaman mèkredi 30 janvye a pou pwoteste kont ogmantasyon dola ameriken an pa rapò ak goud la ki se monè lokal la. Minis Finans la ak Gouvènè Bank Santral la gen pou yo prezante devan yon komisyon nan Sena a pou bay eksplikasyon sou goud la k ap degrengole devan dola ameriken an.

XS
SM
MD
LG