Accessibility links

Breaking News

Ayiti: 216 Zan Endepandans la Ki Te Dwe Selebre nan Gonayiv Fete nan Pòtoprens pou Rezon Sekirite


Foto selebrasyon 216 zan endepandans peyi Dayiti a nan Pòtoprens, premye janvye 2020.
Foto selebrasyon 216 zan endepandans peyi Dayiti a nan Pòtoprens, premye janvye 2020.

Pòtoprens, Ayiti - Prezidan ayisyen an Jovenel Moise, pat suiv tradisyon regilye yo mèkredi premye janvye 2020 an nan kad selebrasyon 216èm anivèsè endepandans peyi a. Prezdain an te prefere fè seremoni ofisyèl fèt la nan kapital la e dapre anpil obsèvatè se pou rezon sekirite apre peyi a sot viv plizyè mwa nan toumant politik.

Opozisyon politik la akize Prezidan Moise ak gouvènman li kòm moun ki nan koripsyon. Sepandan, nan diskou li mete devan nasyon an nan okazyon fèt endepandans la nan Palè Nasyonal nan Pòtoprens, chèf leta a mande elit Ayiti a pou travay avèk gouvènman an epi ede kreye travay.

Prezidan Jovenel Moise di:

"Peyi a toujou trè pòv. Moun ki kontinye jwenn richès jwenn li nòmal ke yo pa peye taks, jwenn li nòmal ke yo monopolize mache a pou pa gen okenn konpetisyon, jwenn li nòmal ke yo mete pri pou konsomatè yo jan yo vle, espesyalman lè konsomatè a se leta a li menm oubyen gouvènman an.”

Prezidan Moise eskize pèp la poutèt li pa rive bay kouran jan l te pwomèt li a, men renouvle pwomès li te fè pandan kanpay prezidansyèl nan ane 2016 yo kote li te di li pral bay kouran 24 sou 24. Prezidan an di bagay la pi difisil ke janm te panse l la.

Dikou senpolik pou make anivèsè depi Ayiti te tounen premye repiblik nwa nan lemond, konn fete jeneralman nan vil Gonayiv, lye original kote papa nasyon an, Anperè Jean-Jacques Dessalines fè diskou deklarsyon endepandans la.

Sepandan, site endepandans la, Gonayiv menm jan ak plizyè lòt vil pwovens te frape anba manifestasyon vyolan ki te kòmanse depi nan mwa septanm 2019 pase yo kote pèp souvren te pran lari pou denonse koripsyon ak rate gaz nan ponp yo, lavi chè. Patizan opozisyon an tap mande demisyon prezidan an.

Anvywon 40 moun te pèdi lavi yo. Gwo manifestasyon ak plizyè milye moun yo redui nan Pòtoprens malgre mouvman pwotestasyon yo menm kan yo pa gen anpil moun kontinye nan plizyè vil pwovens. Nan Gonayiv you gwoup manifestan opozisyon an te pakouri plizyè ri ak yon sèkèy nan men yo kote yap reklame jistis pou yon militant ki tonbe anba bal. Lapolis te dispèse foul la ak gaz lakrimojèn. Pat gen gwo ensidan nan mach sa a.

XS
SM
MD
LG