Yon militan politik byen koni e trè popilè , Jean Pierre A. Jean Tatoune, nan vil Gonaviv menase pou l mete yon seri manifestasyon sou pye, si palman ayisyen an pa ratifye chwa Premye Minis deziye Bernard Gousse la.
Militan sa a se yon ansyen lidè revolisyonè ane 86 yo e li rann senatè yo responsab blokaj peyi a. Yon lòt kote, plizyè manm sektè politik la twouve li lè li tan pou prezidan Michel Martelly mete yon gouvènman sou plas pou avanse peyi a.
Korespondan nou yo devlope nouvèl sa pou nou ak lòt pwen k ap domine aktyalite a nan Pòtoprens ak lòt vil peyi Dayiti.