Accessibility links

Breaking News

Ayiti : Prezidan Sena a Swete Prezidan Michel Martelly Konsilte Lidè 2 Chanm yo sou Chwa Pwochen Premye Minis la


Prezidan Sena ayisyen an, Rudolphe Joazil, ekri Prezidan Michel Martelly pou l mande l kòmanse travay sou chwa yon lòt kandida pou pòs Premye Minis la apre gran kò a te rejte nominasyon Mèt Bernard Gousse pou pòs chèf gouvènman an.

Misye Joasil swete Misye Martelly va respekte mach-a-suiv lalwa fikse e ki mande pou chwa Premye Minis la fèt nan konsiltasyon ant Prezidan Repiblik la ak lidè 2 chanm palman an.

XS
SM
MD
LG