Accessibility links

Breaking News

Ayiti : Lapolis Arete Depite Arnel Bélizaire apre yon Vizit nan Peyi Lafrans


Depite ayisyen Arnel Belizaire pase nwit la nan prizon apre lapolis te arete li sou demand komisè gouvènman pwovizwa Pòtoprens la, mèt Felix Leger ki te lanse yon manda darè dèyè li sou akizasyon deske li se yon evade prizon.

Lapolis poze arestasyon sa a imedyatman apre palmantè a te desann yon avyon ki te mennen n retounen Pòtoprens aprè yon vizit ofisyèl nan vil Paris, kapital Lafrans.

N ap raple sa pa gen lontan Depite Bélizaire te mele nan yon chire-pit ak Prezidan Michel Martelly padan li t ap fè yon vizit nan Palè Nasyonal la.

Klike sou flèch ki anlè atik la pou w koute repòtaj korespondan nou Rotchild François Jr. depi Pòtoprens.

XS
SM
MD
LG