Accessibility links

Breaking News

Ayiti - Eleksyon: Yon Manm KEP a Bat Bravo Pou Komisyon OEA a


Ayiti - Eleksyon: Yon Manm KEP a Bat Bravo Pou Komisyon OEA a
Ayiti - Eleksyon: Yon Manm KEP a Bat Bravo Pou Komisyon OEA a

Ekspè OEA yo ap pare pou yo kòmanse verifye rezilta eleksyon konteste 28 novanm yo nan moman yon gwoup 12 kandida a laprezidans ap mande anilasyon eleksyon yo.

Komisyon an ap kòmanse travay apre gouvènman an dakò pou yo gen aksè san limit ak tout dokiman ki gen rapò ak eleksyon yo.

Kontrèman ak moun ki kwè komisyon OEA a ap ranplase Konsèy Elektoral Pwovizwa a, Ginette Cherubin, yon manm enstitisyon an di tè m referans yo prevwa komisyon an dwe renmèt rapò l bay gouvènman an.

Gen kèk sektè ki apiye prezans komisyon an menm lè yo di li pa ta dwe ranplase Konsèy Elektoral Pwovizwa a. Patizan pati Inite ki sou pouvwa a rete kwè kandida pa yo a Jude Celestin ranpòte eleksyon pou pòs prezidan an depi nan premye tou ak 52% vwa yo.

Madame Ginette Cherubin reponn kesyon Jean Robert Philippe.

Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande entèvyou sa a.

XS
SM
MD
LG