Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Jistis: Otorite yo Ouvri yon Ankèt sou Vrè Koz Lanmò Ansyen Prezidan René Preval


Ansyen Prezidan Ayiti a, René Préval,nan okasyon prestasyon sèman Prezidan Jovenel Moise nan dat 7 fevriye 2017, Pòtoprens, Ayiti. Foto: Jacquelin Belizaire.
Ansyen Prezidan Ayiti a, René Préval,nan okasyon prestasyon sèman Prezidan Jovenel Moise nan dat 7 fevriye 2017, Pòtoprens, Ayiti. Foto: Jacquelin Belizaire.

Komisè gouvènman Pòtoprens la, Mèt Danton Léger, di li mete aksyon piblik la an mouvman pou l kapab detèmine vrè koz lanmò ansyen chèf deta Ayiti a René Preval ki mouri sibitman lakay li vandredi 3 mas 2017 pase a.

Mesye Léger, ki tap reponn kesyon yon jounalis sou antèn Radio Karayib, di: “Pakè Pòtoprens la te deja gen entansyon mennen yon envestigasyon sou lanmò ansyen prezidan an. Sepandan se apre yon rekèt Madam Preval te mete devan Pakè a, nou deside, an akò ak fanmi defen an, kontakte medsen lejis pou fè otopsi kadav la.”

Mesye Léger ajoute, toujou sou Radyo Tele Karayib:

“Dapre atik 34 Kòd Denstriksyon Kriminèl la, chak fwa gen yon ka lanmò vyolan obyen yon ka lanmò sibit, Komisè Gouvènman an gen dwa ak otorite pou l kontakte yon medsen lejis epi meta aksyon piblik la an mouvman pou kapab detèmine vrè koz lanmò a.”

Klike sou lyen odyo a anba tèks la pou w tande dekarasyon Mèt Danton Léger a.

Deklarasyon Komisè Gouvènman Pòtoprens la, Mèt Danton Léger, sou Lanmò ansyen Prezidan René Préval
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:49 0:00

Bò kote pa l, medsen lejis la, Dr. Jean Armel Demorcy, ki bay detay sou premye otopsi a, ekate tèz ki fè konprann se yon aksidan selebro-vaksilè (ACV) oubyen yon stwok, ki touye ansyen Prezidan René Préval ki te pase 2 manda sou pouvwa a.

Dr. Demorcy di se lè ekspè yo va fin reyalize plis analiz apwofodi sou lòt ògan nan kò defen an yo pral konpran vrè koz lanmò ansyen chèf deta a.

Klike sou lyen odyo a anba tèks la pou w tande deklarasyon Dr. Jean Armel Demorcy a.

Deklarasyon Dr. Jean Armel Demorcy sou Lanmò ansyen Prezidan Ayisyen an René Préval
please wait

No media source currently available

0:00 0:05:30 0:00

XS
SM
MD
LG