Peyi Dayiti plonje nan yon gwo sispens ak kriz elektoral sa a ki kontinye ap domine aktyalite ayisyèn nan.
Ann atandan Biwo Kontansye Elektoral Nasyonal (BCEN) nan ap travay sou dènye ka yo. Konsèy Elektoral pwovizwa aysiyen an li menm pwomèt pou l piubliye rezilta eleksyon konteste 28 novanm yo mekredi 2 fevriye 2011 la.
Prezidan KEP a Gaillot Dorsainville nan yon rankont ak jounalis pale sou piblikasyon rezilta premye tou eleksyon 28 novanm yo ki fikse pou 2 fevriye.
Dapre kalandriye enstitisyon elektoral la te fè soti vandredi ki sot pase la a , 2èm tou eleksyon prezidansyèl e eljislativ yo fikse pou 20 mas pwochen . E l ap pwoklame rezilta yo nan dat 16 avril.
Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande deklarasyon Gaillot Dorsainville.