Accessibility links

Breaking News

Avoka Maryo Joseph Anonse Li Pral Pote Plen Kont Otorite Ayisyen yo pou Viktim Siklòn Matthew yo Devan yon Tribinal Entènasyonal


Responsab Biwo Avoka Entènasyonal (BAI), Mèt Mario Joseph, kritike leta ayisyen ki, dapre sa-l di, pat pran responsabilite li ak dispozisyon pou ede viktim siklòn Matthew yo.

Dapre Mèt Mario Joseph, se neglijans leta ki lakòz anpil moun rive pèdi lavi yo anba frap siklòn nan sou Ayiti.

Responsab BAI la ajoute: "Pat gen okenn planifikasyon ki te fèt pou ede popilasyon an pandan e apre pasaj move tan an."

Met Mario Joseph di li pral mande Komisyon Enterameriken Dwa Moun pou vin ankete sou konpòtman dirijan ayisyen yo nan okazyon sa a.

XS
SM
MD
LG