Ministè Sante Piblik peyi Dayiti di l ap chèche mete li dakò avèk lòt patnè entènasyonal li yo avan li pran desizyon pou l itilize vaksen pou konbat maladi kolera a nan peyi Dayiti.
Direktè ministè a, Dr. Gabriel Thimothée di Lavwadlamerik jiska prezan li pa bay ankenn otorizasyon ni pou fè vaksen antre nan peyi a ni pou vaksinen popilasyon an kont maladi kolera a. Dr. Thimothée reponn kesyon Jean-Pierre Leroy.
Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande repòtaj sa a.