Accessibility links

Breaking News

2 Moun pou Pipiti Mouri ak 106 Fanmi Sinistre Apre yon Gwo Inondasyon nan Sid Peyi Dayiti


Kat Jewografik peyi Dayiti.
Kat Jewografik peyi Dayiti.

Gwo lapli ki frape rejyon Sid Ayiti a pandan 4 jou, soti nan jedi 20 avril pou rive nan dimanch 23 avril, touye 2 moun epi lage 106 fanmi nan lari. Dapre Kowòdonatè Pwoteksyon Sivil, Depatmantal la Guillaume Sylvera gen plizyè vil ki inonde ak 60 pousan pwodiksyon agrikòl ki detwi.

Premye Minis ayisyen an Jack Guy Lafontant te alatèt yon delegasyon, ki tè fè yon virewon nan rejyon Sid peyi a. Mesye Lafontant rekonèt tout peyi a, e patikilyèman zòn Gran Sid la, trè vilnerab anba fenomèm natirèl tankou siklòn ak inondasyon. Chèf gouvènman ayisyen an pwomèt pou l pote yon repons djanm bay popilasyon ki viktim inondasyon yo nan depatman ki afekte yo.

Bò kote pa l, Minis Enteryè a, Max Rudolph Saint Albin, di li kwè li enpòtan pou leta a pran dispozisyon pou pote èd bay depatman kap fè fas ak mòd fenomèn natirèl sa yo.

Prezidan Asosyasyon Majistra Sid yo, Fritzner Chery, ki te sou plas pandan vizit delagasyon gouvènmantal la, te pwofite mete doleyans popilasyon an devan responsab yo, yon fason pou yo kapab konprann bezwen ijan moun nan zòn ki sinistre yo.

Delege Depamantal Sid la, Serge Daniel, mande gouvenman an pou l aji vit e prese pou anpeche maladi kolera a e latriye gaye nan zòn nan. Mesye Daniel di li enpòtan pou leta ayisyen, nan asistans imanitè li pral debloke yo, akonpaye moun ki pèdi rekòlt yo pa ekzanp fè distribisyon semans dekwa pou yo fonksyonen nòmalman kòm kiltivatè.

Entèvyou Delege Depatman Sid la bay Lavwadlamerk nan mikwo Jean Pierre Leroy
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:21 0:00

Lòt nouvèl kap sikile nan medya yo ann Ayiti, fè konnen yon adolesan ta pèdi lavi li e yon lòt ta blese nan yon aksidan ki lye ak yon machin nan kòtèj Premye Minis Lafontant an nan moman li tap kite rejyon Sid la. Dapre menm sous yo, Premye Minis Lafontant deplore aksidan an e li pwomèt pou l ede paran viktim yo nan yon kominike Primati a nan Pòtoprens pibliye.

XS
SM
MD
LG