Accessibility links

Breaking News

Avoka Gouvènman Nouyòk la Asiyen Trump ak Pitit li yo


Foto Achiv: Ansyen Prezidan Etazini Donald Trump ak pitit fi li, Ivanka Trump, 28 Avril 2020.
Foto Achiv: Ansyen Prezidan Etazini Donald Trump ak pitit fi li, Ivanka Trump, 28 Avril 2020.

Avoka gouvènman vil Nouyòk la asiyen ansyen prezidan Donald Trump ak 2 pitit ene li yo, Donald Jr. epi Ivanka an koneksyon ak yon ankèt sou biznis fanmi an genyen nan vil la.

Avoka Letitia James fè konnen pa l'entèmedyè biwo li ke yon dokiman li voye bay tribinal Lendi mande pou Trump ak pitit li yo bay temwayaj epi remèt dokiman "an koneksyon ak yon akèt sou valè pwopriyete yo (Oganizasyon Trump la) te posede oubyen kontwole".

Trump bò kote pa li asiyen avoka gouvènman an pou fèl fèmen ankèt la ke li di ap fèt pou rezon politik.

XS
SM
MD
LG