Accessibility links

Breaking News

Avoka Prezidan Trump yo Ap Chache Konnen si Pa Gen Konfli Enterè nan Ekip Anketè Robert Mueller yo


Ansyen direktè FBI Robert Mueller, ki ap mennen ankèt sou dosye enplikasyon Larisi nan eleksyon prezidansyèl novanm 2016 la Ozetazini.
Ansyen direktè FBI Robert Mueller, ki ap mennen ankèt sou dosye enplikasyon Larisi nan eleksyon prezidansyèl novanm 2016 la Ozetazini.

Responsab nan administrasyon Prezidan Donald Trump la ap suiv deprè envestigasyon ekip komisè espesyal Robert Mueller a ap mennen an, yon fason pou detèmine si pa genyen konfli enterè pami ekip anketè Mesye Mueller yo.

Responsab gouvènmantal ameriken yo ap eseye jwen meyè mwayen pou lage vèni sou dosye ankèt Larisi a, dapre sa nouvèl yo rapòte nan fen jounen jedi 21 jiyè 2017 la. Yon manm nan ekip legal Mesye Trump la, ki pap opere andedan Lamezon Blanch, an palan de Jay Sekulow, di tout lòt avoka yo ap etidye tan-zan-tan kesyon konfli enterè a, dekwa pou pote doleyans yo devan enstans responsab la oubyen diskite sou kesyon an dirèkteman ak komisè espesyal Robert Mueller.

Bò kote pa l, lokatè Mezon Blanch la mande konseye li yo pou di li ki kantite pouvwa li genyen pou padone yon manm administrasyon li an, yon manm fanmi li e menm pwòp tèt li, si sa ta nesesè, dapre yon atik ki parèt nan jounal Washington Post.

XS
SM
MD
LG