Accessibility links

Breaking News

Avètisman Klè Kore di Nò Pou Kore di Sid : Plis Atak Posib


Kore di Nò lanse avètisman pou l di li kapab lanse plis atak militè sou yon zile abite nan Kore di Sid ki tou prè fwontyè 2 peyi yo, si sid-koreyen-yo kontinye fè sa gouvènman nò-koreyen an rele «pwovokasyon militè temerè ».

Zile sa a rele « Yeonpyeong ». Pandansetan, Kore di Sud fè konnen li pral ogmante seryezman kantite sòlda ak materyèl militè li genyen sou zile a, kote 4 sud-koreyen te mouri madi pase a, menm jan li pral ranfòse kapasite kazèn li genyen sou 4 lòt zile ki tou pre lizyè fwontyè ki an diskisyon ant 2 peyi yo.

Avètisman Kore di Nò a pase sou ajans nouvèl ofisyèl peyi a, KCNA, ki pibliye li nan moman Lèzetazini ak Kore di Sid ap pare pou yo fè kèk gwo egzèsis naval alwès Prekil Kore a, avèk patisipasyon pòt-avyon militè ameriken USS George Washington –egzèsis k ap tanmen dimanch pou yo fini mèkredi.

Jedi 25 novanm 2010 la, Lachin di egzèsis sa yo ba li gwo kè-sote, paske pòt-avyon ameriken an pral pran pozisyon nan yon zòn sansib ki sou lizyè dlo tèritoryal Lachin ak 2 Kore yo.

XS
SM
MD
LG