Accessibility links

Breaking News

Avètisman Depatman Deta Kont Vwayaj ann Ayiti


Depatman Deta ameriken lanse yon gwo avètisman bay sitwayen ameriken yo kote li mande yo reflechi anpil sou tout vwayaj yo ta vle fè ann Ayiti.

Avètisman sa a ki parèt lendi 8 out 2011 la, lonje dwèt sou nivo kriminalite a ki monte seryezman nan peyi a, eklatman epidemi kolera a, avèk mank enfrastrikti.

Anbasad amerikèn nan ann Ayiti di nouvèl yo pale de manifestasyon k ap dewoule anba lavil Pòtoprens e li mande ameriken yo pou yo ranvwaye « jiska nouvèl òd » tout vwayaj yo te gen pou fè nan kapital Ayiti a.

Avètisman sa a ki ranplase youn ki te parèt nan dat 20 janvye 2011 la, soti nan moman prezidan ayisyen an, Michel Joseph Martelly, ap redi pou l mete sou pye yon nouvo gouvènman.

Sa pa gen lontan palman an te rejte yon 2e chwa prezidan an te fè pou pòs premye minis la, an palan de Mèt Bernard Gousse.

Kriz politik la kontinye bloke efò rekonstriksyon yo apre gwo tranblemanntè janvye 2010 la ki te devaste peyi a.

XS
SM
MD
LG