Accessibility links

Breaking News

Avètisman Depatman Deta a sou Vwayaj Ann Ayiti


Depatman Deta Ameriken avèti sitwayen ameriken sou danje ki genyen si y ap vwayaje Ayiti e li ekzòte yo ak tout fòs pou yo evite tout vwayaj ann Ayiti ki pa esansyèl.

Avètisman sa a ranplase youn ki te parèt 9 Desanm 2010 pou reflete nivo krim nan ki grav, epidemi kolera, dezòd vyolan tanzantan nan Pòtoprens e nan vil pwovens yo, mank bon jan enstalasyon medikal, ak mank pwoteksyon lapolis.

Depatman Deta ekzòte ak tout fòs sitwayen ameriken yo pou yo vwayaje ann Ayiti sèlman si vwayaj la esansyèl e sèlman si yo gen sipò oganizasyon solid, ki ofri mwayen pou yo ka jete yo si sa a nesesè, ak system sipò medikal.

Kantite moun ki vikim krim vyolan, tankou asasinay ak kidnaping, kontinye ap ogmante nan Pòtoprens. Kèk nan viktim dappiyan yo te sibi abi fizik, seksyèl, te pran bal e te menm pèdi lavi yo.

Pèsonn pa an sekirite kont zak dappiyan, kèlkeswa okipasyon l, nasyonalite l, ras li, kèlkeswa laj li, kit li gason kit li fanm. Otorite ayisyen yo gen kapasite limite pou yo anpeche zak vyolan sa yo ni mennen ankèt sou yo ni jije moun ki komèt yo.

Moun ka jwenn enfòmasyon sou sekirite si yo rele 1(888)407-4747, yon apèl gratis Ozetazini.

Moun ki andeyò Etazini ak Kanada ka resevwa enfòmasyon lè yo rele 1(202)501-4444, depi 8am è di maten pou rive 8pm è nan aswè. Nan lòt lè ak nan wikenn, yo ka rele anbasad amerikèn nan Pòtoprens nan (509)2229-8000.

Adrès anbasad amerikèn nan Pòtoprens se Boulva 15 oktòb, Tabarre 41, Haiti.

XS
SM
MD
LG