Bilten meteo ki parèt sou menas move tan valab pou plizyè rejyon nan Karayib la nan moman tanpèt twopikal Emily ap deplase nan rejyon an kote sant li ka travèse il Ispanyola -kidonk Ayiti ak Repiblik Dominikèn- nan sware mèkredi 3 out 2011 la.
Nouvèl yo pa bon sitou pou Ayiti kote plizyè milye moun toujou ap viv anba tant apre gwo kokenn tranblemanntè ki te frape peyi a an janvye 2010. Yon responsab ayisyen di Ajans Frans Près, otorite yo mande popilasyon an deplase kite zòn ki sou trajektwa dirèk tanpèt la. Marcel Gayenèche, kowòdonatè Kwa Wouj pou repons an ka dezas, deklare :
"N ap ede fanmi yo ann Ayiti prepare pou move tan an,e spesyalman pou inondasyon ak glisman teren. Nan sans sa a nou kòmanse yon kanpay enfòmasyon e nou voye mesaj pa telefòn, kidonk pa SMS, bay ekip kominotè yo pou n ede yo fè preparasyon pou tanpèt twopikal k ap vini an."
Espesyalis meteo yo di Repiblik Dominikèn ak Ayiti kapab resevwa anviwon 15 santimèt lapli; kèk rejyon kapab menm resevwa jiska 25 santimèt. Yon pati nan move tan an deja pase sou pati sid Pòtoriko san li pa fè twòp dega. Olivo de Leon se yon spesyalis meteo nan Repiblik Dominikèn. Misye de Leon pale pou l di :
"Tout kòt Repiblik Dominikèn anba menas tanpèt twopikal la. Sa sa vle di ? Sa vle di genyen bon jan chans pou tanpèt twopikal la frape kèk zòn nan peyi nou an."
An plis Repiblik Dominikèn ak Ayiti, tanpèt twopikal la menase pati sidès Bahamas ak zile Turk and Caicos yo.
Sou menm dosye a --dosye tanpèt twopikal Emily ki menase Ayiti-- Lakwa Wouj Ayisyèn fè konnen li deja plase materyèl ak manm pèsonèl divès kote sou tèritwa ayisyen an pou pote sekou, si sa nesesè, bay popilasyon ak rejyon ki ta viktim move tan an.
Prezidant Kwa Wouj Ayisyèn nan, Doktè Michèle Amédé Gédéon, bay Lyonel Desmarattes detay sou dispozisyon entitisyon l ap dirije a pran nan moman Emilie pare pou l touche kòt Dayiti.