Yon rega sou aktyalite a nan lemond an foto.
Nouvèl Lemond an Foto pou Mèkredi 9 Out 2017 la
1
Prezidan fransè a, Emmanuel Macron, (nan mitan) kap pran yon sèlfi ak yon gwoup sèvis medikal pandan li tap vizite sant sante pou ti moun yo rele Robert-Debre a nan Pari.
2
Yon dam kap kriye tou pre kadav yon gason ki se manm fanmi li lapolis tire ak yon bal nan tèt nan Kenya. Lapolis nan Kenya tire sou yon fou l moun ki tap joure yo nan moman eleksyon tap dewoule nan peyi a. Eleskyon yo te fini nan vyolans nan kapital Kenya a Nairobi, madi 8 out 2017 la.
3
Volontè pou dwa bèt nan peyi End pandan yon manifestasyon nan New Delhi.
4
52èm fèt nasyonal militè nan Singapore